1

1 Corinthians 13:1-8 in Kreyol

By: Casey Zachary

1 Corinthians 13:1-8a from the Haitian Bible

[chirbit:http://chirb.it/kfNxHn]

1 Korint 13

1¶ Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m’ pa gen renmen nan kè m’, bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k’ap fè anpil bwi, pase yon klòch k’ap sonnen.

2Menm si mwen ta gen don pou m’ fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m’ fè mòn yo chanje plas, si m’ pa gen renmen nan kè m’, mwen pa anyen.

3Menm si mwen ta bay tout byen mwen yo, menm si mwen ta bay kò m’ pou yo boule l’, si m’ pa gen renmen nan kè m’, sa p’ap sèvi m’ anyen.

4¶ Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p’ap anvye sò lòt moun. Li p’ap fè grandizè, li p’ap gonfle ak lògèy.

5Moun ki gen renmen nan kè li p’ap fè anyen ki pou fè moun wont, li p’ap chache avantaj pa l’, li p’ap fè kòlè, li p’ap kenbe moun nan kè.

6Moun ki gen renmen nan kè li p’ap pran plezi l’ nan sa ki mal, li pran plezi l’ nan sa ki vre.

7Moun ki gen renmen nan kè li sipòte tout bagay: nan nenpòt ki sitiyasyon, li toujou gen konfyans nan Bondye, li p’ap janm pèdi espwa, l’ap toujou moutre jan li gen pasyans.

8¶ renmen pa janm fini.

Anna Kagstrom loving on Berlancia

Translation from the Kreyol Bible on Bible Gateway

Comment(1)

  1. Annette Franklin says

    Thank you for posting the scripture in Kreyol. We are enjoying hearing it! Also, this beautiful picture of Anna and Berlancia-two who are dear to me.

Comments are now closed for this article.