Comments are off for this post

Titus 3:3-8…in Kreyol

[chirbit:http://chirb.it/88GaCm]

Titus 3:3-8 in English

3Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t’ obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t’ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.

4Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun,

5li te delivre nou. Li pa t’ delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n’ te ka viv yon lòt jan.

6Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou.

7Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Koulye a nou ka resevwa sa n’ap tann lan: lavi ki p’ap janm fini an.

8Sa se pawòl sèten. Mwen ta renmen ou peze sou bagay sa yo anpil pou tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye ka okipe tout tan yo ap fè sa ki byen. Se bagay konsa ki bon, ki kapab sèvi tout moun.

Comments are closed.