Comments are off for this post

Kreyol Song (43 MJC) “Tout Lavi Mwen, Mwen T’ap Soufri” – “Satisfied”

1. Tout lavi mwen, mwen t’ap soufri,
M t’ap chèche yon dlo pou m bwè;
Ki t’ap soulaje-m pou toutan,
Swaf la ki te plen kè mwen.

Kè:
Alelouya mwen jwenn Jezi
Lontan nanm mwen te chèche;
Jezi satisfè tout kè mwen,
Se ak san Li mwen sove.

2. Manje lemonn te plen vant mwen
Men mwen pa’t gen kè poze
Mwen t’ap chèche sa ki pi bon
Nanm mwen te toujou grangou.

3. Mwen te pòv, lajan m t’ap chèche
Yon bagay pou satisfè m,
Men tou sa mwen t’ap rasanble
Pat fè anyen pou nanm mwen.

4. Yon sous dlo ki toujou koule,
Pen lavi si bon, san pri,
E richès ki satisfè mwen.
Mwen jwenn tou sa nan Jezi.

1. All my life I had a longing
For a drink from some clear spring,
That I hoped would quench the burning
Of the thirst I felt within.

Refrain:
Hallelujah! I have found Him
Whom my soul so long has craved!
Jesus satisfies my longings,
Through His blood I now am saved.

2. Feeding on the husks around me,
Till my strength was almost gone,
Longed my soul for something better,
Only still to hunger on.

3. Poor I was, and sought for riches,
Something that would satisfy,
But the dust I gathered round me
Only mocked my soul’s sad cry.

4. Well of water, ever springing,
Bread of life so rich and free,
Untold wealth that never faileth,
My Redeemer is to me.


Comments are closed.