Comments are off for this post

Kreyol Song – Pran lavi m, Senyè Jezi

1 Pran lavi m, Senyè Jezi,
Mwen vle konsakre l ba ou.
Pran chak è e pran chak jou,
Tout tan mwen vle louwe ou.
Tout tan mwen vle louwe ou.

2 Pran men mwen yo, Jezikri,
E sèvi ak yo, tanpri.
Pran pye mwen yo tou, Senyè,
Pou kouri pou ou tout è.
Pou kouri pou ou tout è.

3 Pran vwa mwen, e kite mwen
Chante pou ou, ki Wa mwen.
Pran lèv mwen yo, ranpli yo
Ak mo ki soti anwo.
Ak mo ki soti anwo.

4 Pran lò mwen ak lajan m tou,
Tou sa m genyen se pou ou.
Pran lespri m ak tout fòs mwen,
Sèvi ak yo jouk lafen.
Sèvi ak yo jouk lafen.

5 Pran volonte pa m Senyè;
Sa ou vle, se sa m a fè.
Pran kè mwen, li pou ou tou,
Li va sèvi lakay ou.
Li va sèvi lakay ou.

6 Pran lanmou mwen, Senyè mwen,
Fè l pou ou yon bagay sen.
Pran mwen menm, m vle viv toujou
Ak tout fòs sèlman pou ou.
Ak tout fòs sèlman pou ou.

1 Take my life and let it be
consecrated, Lord, to thee.
Take my moments and my days;
let them flow in endless praise,
let them flow in endless praise.

2 Take my hands and let them move
at the impulse of thy love.
Take my feet and let them be
swift and beautiful for thee,
swift and beautiful for thee.

3 Take my voice and let me sing
always, only, for my King.
Take my lips and let them be
filled with messages from thee,
filled with messages from thee.

4 Take my silver and my gold;
not a mite would I withhold.
Take my intellect and use
every power as thou shalt choose,
every power as thou shalt choose.

5 Take my will and make it thine;
it shall be no longer mine.
Take my heart it is thine own;
it shall be thy royal throne,
it shall be thy royal throne.

6 Take my love; my Lord, I pour
at thy feet its treasure store.
Take myself, and I will be
ever, only, all for thee,
ever, only, all for thee.

Comments are closed.