Comments are off for this post

Kreyol song – Jezi Mwen Renmen Ou

Jezi mwen renmen ou, se ou ki Sovè m ;
Amou ou fè m kite plezi peche mwen.
Redanmtè beni mwen, se ou ki Sovè m
Mwen renmen ou, Senyè, Chak jou m pi renmen w


Mwen renmen ou paske ou renmen m avan
Sou lakwa kalvè ou te soufri pou mwen.
Mwen renmen ou ki pote kouwòn pikan;
Mwen renmen ou Senyè, Chak jou m pi renmen w

Nan lavi, nan lanmò, mwen va renmen ou.
M ap sèvi ou tout tan, ou ban m souf lavi
Lè lonbraj lanmò vin sou mwen, m a di ou:
Mwen renmen ou Senyè, Chak jou m pi renmen w

Kay Bondye se va lajwa, laglwa, lapè.
Nan syèl la mwen va adore ou san fen.
Devan tout zanj Bondye yo, mwen va chante:
Mwen renmen ou Senyè, Chak jou m pi renmen w

My Jesus, I love thee, I know thou art mine;
for thee all the follies of sin I resign;
my gracious Redeemer, my Savior art thou;
if ever I loved thee, my Jesus, ’tis now.


I love thee because thou hast first loved me
and purchased my pardon on Calvary’s tree;
I love thee for wearing the thorns on thy brow;
if ever I loved thee, my Jesus, ’tis now.

I’ll love thee in life, I will love thee in death,
and praise thee as long as thou lendest me breath,
and say when the deathdew lies cold on my brow:
If ever I loved thee, my Jesus, ’tis now.

In mansions of glory and endless delight,
I’ll ever adore thee in heaven so bright;
I’ll sing with the glittering crown on my brow:
If ever I loved thee, my Jesus, ’tis now.

Comments are closed.