No comments yet

Kreyol Song – Souvan m mache tris nan lavi m (Often I walk sad in my life)

127 CEK, Page 156
Souvan m mache tris nan lavi m,
Chaje ak fado mwen;
Men yon moun vini sekouri m,
Mwen twouve Bondye la.


Bondye la pou tande mwen,
Pou pran fado m ak tèt chaje m,
Li pataje chaj la avè m,
Bondye la, wi, Bondye la.

2
Lè tout baryè ak pòt fèmen,
Nanpwen wout pou pase;
Lè tout espwa pèdi pou mwen,
Mwen twouve Bondye la.

3
Malgre m genyen anpil pwoblèm,
Ak chaj pou mwen pote;
Mwen gen konfyans gras li avè m,
Mwen konnen Bondye la. (bis)

Translation (no English equivalent)
Often I walk sad in my life,
Loaded with my burden;
But someone came to my rescue,
I found God here.

Chorus
God is here to hear me,
To take my burdens and stress,
He shares the load with me,
God is here, yes, God is here.

2
When all barriers and doors close,
Near the road to pass;
When all hope is lost for me,
I found God there.

3
Although I have many problems,
And burdens for me to bear;
I trust his grace is with me,
I know God is here. (repeat)

Post a comment