Comments are off for this post

1 Jan 4:7-12 en Kreyol

[chirbit:http://chirb.it/gDrsfb]

1 John 4:7-12 in English

7¶ Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.

8Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.

9Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l’ te ka ban nou lavi.

10Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.

11Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lòt.

12Pesonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n’a renmen tout bon, jan Bondye renmen an.

Comments are closed.