1

Matthew 5:1-11: The Beatitudes…in Kreyol

[chirbit:http://chirb.it/LfJnmy]

Matthew 5:1-11 in English

Matye 5

1¶ Lè Jezi wè foul moun yo, li moute sou yon mòn. Li chita. Disip li yo pwoche bò kote l’.

2Li tanmen moutre moun yo anpil bagay. Li di yo:

3¶ Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.

4Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouraj.

5Benediksyon pou moun ki dou, paske y’a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè.

6Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l’ la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a.

7Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou.

8Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y’a wè Bondye.

9Benediksyon pou moun k’ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.

10Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y’ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.

11Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y’a pèsekite nou, lè y’a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m’ nou ye.

Comments are closed.