1

Micah 6:6-8…in Kreyol

[chirbit:http://chirb.it/nwwbEm]

Micah 6:6-8 in English

6¶ Lè sa a, pèp la di: Kisa m’a pote ofri bay Seyè a, Bondye ki nan syèl la, lè m’a vin adore l’? Eske m’a pote pou li jenn ti towo bèf ki fèk gen ennan pou yo ka boule pou li?

7Eske Seyè a ap kontan si m’ pote ba li mil belye mouton ak di mil barik lwil? Eske m’a ofri premye pitit gason m’ lan pou m’ peye pou sa m’ fè ki mal? Eske mwen ka pran sa ki soti nan zantray mwen pou m’ bay pou kouvri peche mwen?

8Y’a reponn li: Non monchè. Seyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w’ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.

Comment(1)

  1. Jess says

    m’ renmen 🙂

Comments are now closed for this article.