2

Kreyol song – Jezu Ou ki renmen mwen 81 Kreyol (Jesus, Lover of My Soul)

81 Chant d’Espérance
CEC, Page 144

1
Jezu Ou ki renmen mwen,
Kite mwen ale jwenn Ou;
Tout lòt azil kapab ven,
Lè lanmò menase nou.
Kache mwen, O Sovè mwen,
Pandan tout loraj lavi.
Resevwa mwen alafen
Nan lapè ki pap fini.

2.
Ou se sèl refij mwen gen,
Nanm mwen pa gen lòt espwa!
Tanpri, pa bandone mwen,
Sovè-m, lè tout bagay nwa.
Mwen vle konfye m nan Ou sèl,
Mwen pa genyen lòt sekou;
Sèvi pou mwen kon yon zèl,
M ava byen lè m avèk Ou.

3.
Mwen pa bezwen lòt bagay
Pase Ou, bon Jezukri.
Se Ou menm ki te konn bay
Lasante e menm lavi.
Mwen menm, mwen pa vo anyen,
Mwen genyen anpil peche,
Se Ou sèl ki vrèman sen,
Ou se gras e verite.

4.
Genyen anpil gras nan Ou.
Pi gran pase peche nou.
Gras Ou se yon bagay dou,
Kite li travay nan nou.
Jezu, Ou se sous lavi,
Ban m Lespri Ou san mezi;
Jayi nan mwen kon yon pui;
Se lavi ki pap fini.

Jesus, Lover of My Soul
by Charles Wesley (1740)

1.
Jesus, lover of my soul,
Let me to Thy bosom fly,
While the nearer waters roll,
While the tempest still is high:
Hide me, O my Savior, hide,
Till the storm of life is past;
Safe into the haven guide;
O receive my soul at last.

2.
Other refuge have I none,
Hangs my helpless soul on Thee;
Leave, oh, leave me not alone,
Still support and comfort me.
All my trust on Thee is stayed,
All my help from Thee I bring;
Cover my defenseless head
With the shadow of Thy wing.

3.
Thou, O Christ, art all I want;
More than all in Thee I find;
Raise the fallen, cheer the faint,
Heal the sick and lead the blind.
Just and holy is Thy name,
I am all unrighteousness;
Vile and full of sin I am,
Thou art full of truth and grace.

4.
Plenteous grace with Thee is found,
Grace to cover all my sin;
Let the healing streams abound;
Make and keep me pure within.
Thou of life the fountain art,
Freely let me take of Thee;
Spring Thou up within my heart,
Rise to all eternity.

Comments(2)

  1. Nancy Howell says

    This beautiful song brings tears to my eyes. I don’t understand the words but it sounds hopeful.
    God Bless all!

  2. Nancy Ho says

    I found the translation to Kreyol Song. It’s very inspiring!

Comments are now closed for this article.